Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd yon gwo koure bandi.

06 – 04 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd Rodne alyas “Sanfwa”, youn nan gwo bandi kite konn opere ak Eric Prosper nan zòn Lakwa Senjozèf. Pou koulya gen sèlman Samsen ki rete pou pran pwa grate pou sa fini.
Sanfwa te kite Lakwa al viv Koray Balatye, kote li te kòmanse ap bay moun yo pwoblèm; konsa, nan sware 03 pou leve 04 jen 2024 la, ajan polis minisipal yo pase men nan tèt Sanfwa jiskaske li mache pòs li e bay latè do.






