Monsenyè Pierre André Dumas denonse iresponsabilite pouvwa anplas la

306

09\15\2020

(TRiboLAND) Youn pami ra lidè relijyez ki brav e ki pa pè denonse deriv ak sitiyasyon repiyan peyi Dayiti ap viv jounen jodi, se Monseyè Pierre Andrè Dumas ki ta sanble nan jou sa yo mete pouvwa anplas la nan ròl li.

Lidè eklzyastik la atravè divès sèmon pa voye wòch kache men nan denonse rèy ensekirite, zak kriminèl ak banditism enstitisyonalize kap taye banda depi kèk mwa atravè peyi a.

Li dekouvri egalman enkapasite otorite yo fas ak agoni popilasyon an kap patoje chak jou nan yon konjonkti sosyo-ekonomik kap ronje petit tè Desalinn nan tankou kriminalite, enflasyon, chomaj, ak kandale moute san rete pri prodwi elemantè yo.

Li ale pi lwen pou li di ke li pa ka konprann konpòtman kèpòpòz ak iresponsab otorite pouvwa a ki pa fè absoluman anyen pou adrese latriye problèms sitwayen ayisyen yo.

Dumas raple Gran Toryan kap dirije yo, ke misyon yo chita sèlman pou travay ou kontribye nan byennèt popilasyon an.

Comments are closed.