Ba Nòwès: AKL demare ak konstwiksyon twonson wout Bèdeyèn – Answouj

11-01-2023
Bèdeyèn, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou inisyativ Ann Konstwi Labe (AKL), avèk konplisite divès sitwayen nan Ba Nòwès peyi Dayiti, responsab yo reyitere volonte yo pou yo vanse avèk konstwiksyon twonson wout Bèdeyèn pou rive Answouj yè madi 31 oktòb 2023 a.
Se yon veritab chantye ki pa rete avèk chantye! Prezans plizyè materyèl anjen lou, efò konsète ak patisipasyon rezidan yo, tradwi detèminasyon djanm lakay sitwayen yo ki estime ke se yo ki pou pran desten lakay yo an men.
Divès fanm vanyan ak gason kanson voye yon sinyàl klè kon klewòz pou vanse ak yon parèy pwojè ki kapab fasilite anpil aktivite va e vyen ant plizyè komin nan Ba Nòwès. Nan sans sa, yo envite pitit Ba Nòwès yo pou pote kole, pandan ke yo deja ap fè fas kare ak pwoblèm kaburan nan seyans operasyonèl ki deja demare yo.
Nap raple, abitan konsène yo, non sèlman fè tèt yo pase pou volontè, men kontribye egalman nan achte gaz pou fasilite reyalizasyon yon parèy travay, ki se yon veritab konbit!






