Leta ayisyen ranfòse sekirite fontyè a depi apwè ke yo dekouvwi yon seri pochèt san kontamine ak viris Sida ki soti nan repiblik dominkèn

1,049

10-29-2023

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Antouka, peyi repiblik dominikèn pa kache rayisman kriminèl kont peyi Dayiti lè yo deside, san anbarasman voye yon seri pochèt san ki kontamine ak viris Sida, Epatit B ke yo arive sezi sou fontyè a.

Kidonk, apwè zak kriminèl sila, popilasyon ayisyèn ap viv avèk anpil konstènasyon, e rete ap bay gouvènman ayisyen kontwòl nan sa ki genyen pou wè avèk sezi yon entans entènasyonal pou fè mache dosye yon parèy krim san parèy.

Anpil sitwayèn ak sitwayen mete zòrèy yo egalman an twonpèt, nan rete tann ki lè piblikasyon non doktè wanament ki te kòmande pochèt san yo? Nan ki lopital pochèt san sila yo tap ale? Nan ki konpayi kriminèl kay vwazen sangwen an, yo te plase yon parèy kòmand. Depi ki lè konpayi sangwen sila a kòmanse ekstèmine popilasyon ayisyèn nan. E ki akwentans biznis sangwen sila genyen avèk yon seri antite kap bay swadizan sèvis ou swenyaj VIH SIDA atravè peyi Dayiti? Ki kantite sitwayen ayisyen ki deja mouri ak san kontamine repiblik dominikèn yo (dapwè Laboratwa Nasyonal) . Eske pa dwe genyen gwo envestigasyon ki fèt egalman sou fanm ansent ki depanse lajan yo ale akouche nan repiblik dominikèn?

Antouka, me kote dirijan, senatè, depite, pwemye minis ou minis sangwen lage yon peyi! Nou vle kwè, kote ki voye san kontamine a, pa pi kriminèl ke moun ki ouvwi vant peyi ak sekirite peyi a bay kriminèl kolon etranje ki detèmine pou fè yon fen avèk pèp ayisyen. Konsa, “bwa kale” twò piti pou kalite sankwen vwayou sa yo, ki apovwi ou kokoratize sosyete ayisyèn nan, nan tout nivo.

Nap raple, depi panik pochèt san kontamine sila a, se pwemye fwa gouvènman ayisyen an, atravè Polifwont, entwodwi yon sekirite “tranble janm” kont tout avadra kap bwote pwazon dominiken pou touye pwòp frè ak sè yo. Genyen gwo dispozitif sekirite pwèske nan diferan pwen fontalyè yo, patikilyèman nan zòn Baja nan komin Wanament, pi gwo espas kontrebandye ant peyi Dayiti ak repiblik Dominikèn.

Comments are closed.