Tigwav Kriminalite; Abitan nan lokalite Nan Mawo komin Tigwav touye epi pweskri “Bwa Kale” yon vòlè pano solèy.

41

09 -13 -2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) mou nan popilasyon nan lokalite nan mawo 1è seksyon kominal Tigwav, touye Tiblanc Waldy epi pase li anba “Bwa kale”, maten madi 12 sektanm 2023 a.

Selon enfo yo, Tiblanc Waldy jwen lanmò li akòz abitan Nan Mawo ta kenbe li ak yon bann pano solèy li soti vòlè.

Selon kèk sitwayèn ak sitwayen ki te sou plas, temwanyaj yo konfime ke Tiblanc abitye dechèpiye moun nan kominote a, li pote ale tout sa li jwen sou pasaj li.

Nap fè remake, jij Depè katye Vyalè a, Mèt Délicio Vernevil ki te pwosede ak konsta legal kadav Tiblan, fè konnen, li pa jwen anyen sou li, sèlman kèk pano ak zo yo li te konstate kap boule.

Comments are closed.