Yon fanmiy nan komin Thyòt fayi pèdi lavi li, nan lannwit 2, pou leve dimanch maten 3 septanb 2023 a.

896

09-04-2023

Tyòt, Ayiti____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye rantre ak zam manch long lakay yon sitwayen, yon chofè zo reken tout moun konnen sou non Ti Blan, nan lanwit samdi 2 septanb pou leve dimanch 3 septanb 2023 a, nan komin Tyòt, nan zòn dèyè Katyòt, pou elimine Ti Blan ak tout fanmiy li.

Selon enfòmasyon viktim nan pataje ak sal redaksyon #Thiotteinfos, malveyan yo ki te yo 3 ak zam manch long, zam kout, ta pral ouvè pòt kay fanmiy lan ak yon pikwa pandan Ti Blan, madanm ni epi pitit li tap dòmi anndan an. Chofè a ki pat ka jere presyon an, te oblije pase nan yon lòt pòt, li kouri pou te kapab sove po li.

Bandi yo te pwente zam sou dam nan, mande li pou li bay lajan ki gen nan kay la. Malveyan yo pote ale, telefòn fanmiy lan, ak kèk lòt materyèl enpòtan ki te andedan kay la.

Nap fè’w konnen se pa premye fwa kalite zak malonèt sa yo ap repete nan komin Tyòt, li prèske enposib pou yon semèn ta pase pou vòlè ame pa ta kase yon biznis oswa yon kay nan komin sila.

Lajistis sou beki, lapolis paralize sou yon chèz woulant, manm popilasyon an ki pa konnen ki sen pou adrese ankò fas ak fenomèn sila, ki pa sispann pran yon lòt nivo chak jou kap pase, rete sou kont Bondye bon, pou ta di yon mo nan sitiyasyon malouk sila.



Comments are closed.