Jij depè Gran-Grav la mande pou Leta entèdi moun benyen nan plaj yo

1,031

Jij depè komin Gran-Gwav la, Vogly Louis mande 2 ministè ki gen kontwòl plaj yo nan peyi a, pou entèdi moun benyen nan plis pase 25 plaj anndan komin nan.

08-21-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jij depè prensipal komin Gran-Gwav la, Vogly Louis nan yon entèvyou ak laprès dimanch 20 dawou 2023 a, li elabore sou lide pou mande ministè enteryè ak ministè touris pou pran bonjan mezi pou entèdi moun benyen nan plis pase 25 plaj ki arisk (ki donk moun pa ta dwe frekante yo) nan komin nan.

Majistra Vogly, deklare tribinal la konstate plis pase 100 moun ki mouri nwaye a yon espas 3 pye atravè divès plaj anndan komin Gran-Gwav, pandan li esplike se pwèske chak jou Bondye mete, moun ap mouri san rete nan plaj yo.

Pou tout rezon sa yo, jij depè titilè a, Vogly Louis ankouraje otorite kominal yo pou entèdi moun benyen nan plaj ki riske yo, annatandan leta santral deside sou sitiyasyon sila a.
Yon dosye TRiboLAND media ap swiv!

Comments are closed.