Gran gradyasyon Enstitisyon Miks Bèso Entèlijensya nan Senlwidinò

07-27-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Enstitisyon Miks Bèso Entèligensya, pwosede ak gradyasyon premye pwomosyon jadendanfan li, jounen 27 jiyè 2023 a. Seremoni an, te dewoule an prezans paran yo, nan lokal Lachanm Wot, sou Fò, nan komin Senlwidinò.
Mèt Gabard Pascal nan entèvansyon li, fè konnen lap travay pou enstitisyon sa a vin youn nan pi meyè lekòl nan komin nan epi vin tounen yon enstriman pou sosyete nòlwizyèn nan ki te aswàfe yon lekòl ki aplike tout nòm pedagojik yo epi respekte pwogram ministè pou reyisit elèv yo. Kòm di Emanuel Kant:”Lekòl se pi gwo zam ki ka devlope monn lan.” Pou mèt Gabard edikasyon se pi gwo zam pou devlope Senlwidinò.
Paran yo remèsye estaf direksyon enstitisyon an pou bon jan fòmasyon entegral pitit yo resevwa nan enstitisyon sa a ak bonjan anseyan kalifye.