Lapolis fè yon gro kout dan! 6 sangwen 400 Mawozo anba kòd

1,459

07-09-2022

Yon patrouy CIMO arive yè jedi 7 jiyè 2022 a arive mete anba kòd 6 manm gang òganizasyon kriminèl la ki rele “400 Mawozo”, nan zòn Rakèt nan Kwàdèboukè.

Selon lapolis, sangwen yo genyen gro akizasyon ki tonbe sou yo tankou: asosyasyon malkektè, vòlò machin, anlèvman, sekestasyon vòl men ame, brakaj, ak detounman kamyon. Kidonk, nan misyon li ki se proteje ak rann sèvis, lapolis deklare ke li detèmine pou kontinye ranfòse prezans li atravè yon latriye patrouy nan jiridiksyon Kwàdèboukè a yon fason pou fè obstak a kò gang yo ki vle elaji zèl yo nan plizyè katye.

Se konsa, lapolis mete boy nan pwa yon latriye sangwen. Sepandan, genyen plizyè ki blese mòtèlman nan troke kòn ak lapolis nan Kafou New York.

Fòs lòd yo mete men sou:

  1. Pierre Nelson ki fèt Shadda nan Kwàdèboukè, 26 oktòb 1995. Li se chofè “Lanmò San Jou”.
  2. Wesly Joseph, pitit Kwàdèboukè. Li fèt 29 jen 2001, li soti nan zantray group gang “400 Mawozo”.
  3. Saint-Cyr Stanley, timoun Kwàdèboukè; li fèt 12 janvier 1999 e li soti nan zantray group gang “400 Mawozo”.
  4. Samuel Charles alyas T-Maza, fèt nan Pòtoprens nan dat 2 septanm 1988. Li se chofè bandi yo.
  5. Thénor Brony, fèt 13 desanm 1993 nan Kwàdèboukè. Li se yon ansyen dròg dealer. Li se sòlda Yonyon, gro chèf 400 M. Djòb li se te ransone yon seri biznis autoparts nan Dival.
  6. Soirime junior alyas Tibou, fèt 30 septanm 1994 nan Kwàdèboukè. Li rete nan Lilavwa 53. Li enplike nan gro vòl machin tankou 2 Hiaces ak yon Xterra 2005.

Comments are closed.