Popilasyon sivil la mete dife nan plis pase 10 kay bandi kriminèl yo nan depatman Latibonit.

950

Pou pipiti 10 kay pase anba flanm dife, nan plizyè zòn nan depatman Latibonit lan; se bilan reyaksyon popilasyon sivil la pou mete dlo nan diven bandi gang jounen jedi 8 jwen 2023 a.

06-08-2023

Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) Fòs rezistans kap batay kont gang yo nan depatman Latibonit lan, atake Baz “Gran Grif” k ap opere nan zòn Savyen jounen jedi 8 jwen 2023 a.

Atak popilasyon sivil la, kont gang sangwen yo, kite makònnen ak chèf gang “Ti Mepri” ki ta vle fè tèt li pase kòm yon inosan, mete dife nan plis pase anviwon,10 kay ak kachèt bandi yo nan divès lokalite tankou : Nan Chandèl, Belanje ak Borèl poun site sa yo sèlman.

Enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND nan sans sa a, fè kwè, malgre alyas chèf gang “Ti Mepri” ak popilasyon an pou fini ak kesyon gang lan, nan Latibonit, sa pa anpeche bandi sangwen yo mete dlo nan zye plizyè fanmiy nan depatman sila.

Comments are closed.