Doc. Berly Généus kenbe pozisyon’l sou chanjman konstitisyon an.

1,450

Pozisyon Doc. Berly Généus, yon jèn angaje nan Nòdwès peyi Dayiti, pa chanje sou zafè chanjman Konstitisyon an.

05-30-2023

Doc. Berly Généus

Mwen te apiye e m ap apiye référendum k ap fèt pou chanje Konstitisyon 1987 sa a, Konstitisyon fasilitatris sa a, konstitisyon sa a ki transfere yon pouvwa san mezi bay palmantè raketè. Konstitisyon sa ki mande pou yon prezidan ke pèp vote nan eleksyon al negosye ministè ak direksyon jeneral ak palmantè raketè kòd lonbrit yo mare kay boujwa retwogràd nan Pòtoprens pou ratifye yon premye minis ke li fin nome.

Prezidan dwe lib pou l chwazi premye minis li estime k ap kapab ede l reyalize pwomès kanpay li yo.

Mwen apiye référendum k ap redwi palman a yon sèl chanm epi diminye sou privilèj tout palmantè tekonn jwi ki pat nesesè yo, pou diminye chaj sou do leta a. Dayè, aprè anviwon 35 lane sou yon rejim, li pa pote anyen kòm rezilta pou peyi a okontrè se plis koripsyon, plis vòl òganize, plis gang ki kreye. Plis palmantè ki vle di plis machin, plis fich gaz, plis pèdiyèm, plis pwason pou fèt Pak, plis depans nan pewòl, plis resous leta ap itilize initilman nan nan moun ki pa janm fè prèv itilite yo pou peyi a.

M ap sipòte référendum pou chanje konstitisyon sa a, paske m pa dakò a kesyon 3 majistra pou chak komin nan.

An gwo, mwen pa renmen jan Konstitisyon sa a òganize leta a, se pou sa mwen te toujou pou référendum nan e jodia ankò mwen pou li. Mwen pagen anyen pou m wè a moun yo rele Ariel Henry a, dayè pagen moun bon sens k ap janm pèdi tan al sipòte yon gouvènman konsa ki pa chita sou anyen e ki pap regle anyen.

Kounlya mwen pra l swiv pozisyon moun ki te kanpe anfas référendum yo, moun ki te di ke référendum nan ilegal e enkonstitisyonèl yo. Mwen pral swiv ki jan nou pral woule lang nou fas a référendum sa a.

Lanati ap mete nou devan “des faits” pou peyi a dekouvri ke se yon bann mechan nou ye, gen pozisyon nou te genyen se pat peyi nou te renmen vre, men se ti enterè mesken yon gwoup moun nou tap pwoteje, se te yon djòb sal nou te genyen.

Doc. Berly Généus, jèn angaje Nòdwès

Comments are closed.