Aprè yon group privilejye deklare ke yo pa annafè ak ONA, enstitisyon an bay yon delè 15 jou pou tout annafè pase nan kès enstitisyon an pou regleman

3,281

03/22/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon refleksyon ke li fè sou group demolisè gro zouzoun ki efondre peyi Dayiti, jounalis Radyo Tele Karaib, Jacques Adler Jean-Pierre alyàs “Zonzon Bòs Madichon”, resisite yon lis non otorite gagotè trè espesyàl ki te fè prè gro magogo milyon goud nan ONA (Ofis Nasyonal Asirans Veyès) sou yon dure ki pwèske etènèl.

Anpil akize ki te anvayi programasyon “Nouvèl Premye Okazyon” Radio Tele Karaib “ maten madi 22 mas 2022 a.genyen non yo ki figire nan lis mekontan sou fason jounalis prosede san prèv ak verifikasyon e bwit sou kou lage non yo bay piblik la, alòske yo pa rekonèt ke yo te fè prè bò kote ONA. Pami akize ki te moute okreno ou jwenn : Dr. Stephanie Auguste, Carl Murat Cantave, Alfredo Antoine, Dr. Jacques Julmiste, Jean Rigaud Bélizaire, madam Margalie Abitan e latriye ki deklare ke yo pat jamè prete magogo bò kote ONA.

Antouka, regleman pa gate zanmi! Apwè yon parèy tole medyatik, responsab ONA yo fè sòti yon nòt pou raple tout annafè pretè ki pa onore dèt yo dwe pase nan kès enstitisyon an pou regleman. Enstitisyon an bay ekip aloufa ki achte kès ONA chèmèt chè mètrès yon delè 15 jou pou yo mete devwà yo opròp, sinon gen gro dispozitif ki konfòm kap pran kont yo, daprè sa ke moun te kapab li nan nòt ONA mete deyò a.

Comments are closed.