Peyizan kap travay tè nan Senlwidinò ap rele anmwe pou lapli ki pa tonbe depi plizyè semèn.

03-03-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Peyizan kap fè agrikilti nan komin Senlwidinò trouve alagoni pou fè latè pwodwi akoz lapli ki pa tonbe nan komin nan depi yon mwa. Tout jaden griye sann, bèt yo pa jwenn manje pou manje, plantasyon yo fin detwi anba gwo flam solèy.
malgre se yon komin ki chaje ak rivyè, sa pa anpeche pwoblèm dlo lakoz jaden peyizan yo paka pwodwi. Yo estime si reyèlman genyen yon ministè agrikilti anndan peyi a, ki sa ki anpeche kaptaj rivyè yo pa kapab alimante tè agrikòl yo, ki se sèl sous revni finansyè abitan yo.
Tout moun ki plante pwa soti janvye pou rive mwa mas la nan woulo paske sechrès boule jaden yo. Payizan yo tonbe nan mal site ak agoni akoz inyorans ou enkapasite dirijan ki pa konnen ki sa “jerans peyi” ye!
Pierrilien Nicol Colly






