Nòdès Enèji: Repriz travay konstriksyon Santral Elektrik Solè a nan komin Valyè

302
0
Share:
TRiboLAND

03-04-2023

Valyè, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon tweet lli mete deyò, Dr Evenson Calixte fè jounen vandredi 3 mas 2023 a, anonse repriz travay konstriksyon Santral Elektrik Solè nan vil Valyè.

Selon Dr Evenson Calixte, anchèf direksyon jeneral Otorite ak Regilasyon Enèji an Ayiti (ANARSE), ansanm travay sila yo ap kontinye jiskaske li rive nan bout li. Rabat pou li di, ke se yon santral ki gen yon kapasite 202 KW e 430 KWh stokaj pou batri lithuim.

Nap raple se yon travay ki te lanse depi sou ansyen prezidan Jovenel Moïse rive sou Ariel Henry, lidè PHTK a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com



Share:

Leave a reply