Mouvman jenès pitit Desalin nan Wanament foule beton an kont HTC a

1,338

02-07-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Jan sa te anonse depi kèk jou, divès militan jenès pitit Desalin pran lari jounen 7 fevriye 2023 a pou di, yo pa nan wo konsèy tranzisyon an (HTC).

Li te anviwon 3zè jodi madi a, plizyè militan pitit Desalin te deja kanpe zòn plas piblik la pou yo al foule beton an. Plizyè manm jenès pitit Desalin nan te genyen pankat nan men yo kote yo tap manifeste kont ensekirite epi mande gouvènman ayisyen an bay talon l nan tèt leta a; yo te pwofite denonse gwoup ki konpoze wo konsèy tranzisyon an.

Daprè pitit Desalin, konsèy sila se ta ameriken ki ta dèyè l; yo pa nan zafè wo konsèy tranzisyon, selon sa divès militan ta deklare.

Nap raple nan dezyèm vil peyi a, lidè pitit Desalin nan te nan lari a pou l manifeste bò kote popilasyon an, pou mande Ariel Henry demaske’l nan figi moun. Nap fè remake, nan divès manifestasyon ki toujou ap fèt Wanament, popilasyon an pa janm bliye Jovenel Moïse “JoJo yo pete jew, je nou kale”, se pami kèk slogan ke mount e kapab li pandan pakou a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.