Bandi Ti Bwadòm kidnape yon dyaspora kite al bay yon sèvis lwà nan zòn Granbwa, 5èm seksyon Pandi.

1,276

02-02-2023

Pandi, Gromòn, Ayiti___(TRiboLAND) Gwoup gang Ti Bwadòm ki gen nan tèt li Marcène pitit Filizia, kidnape Delfin Dezira yon dyaspora ki te antre pou yon sèvis pou lwa nan zòn Granbwa toupre Mawotyè.

Delfin se yon dyaspora ki te antre nan peyi pou rele lèsen, yon fason pou te resevwa mistè li. Konsa, Delfin ta pral tonbe anba yon group bandi ame ki arive kidnape li; kriminèl yo ta mande kòm ranson, 50 mil dola blan meriken avan pou yo ta rive libere l.

Kilè moun serye ap ka vin envèsti nan peyi dirijan, politisyen ak polisye gang?



Comments are closed.