Arestasyon Fednel Monchery: ankò yon kout teyàt pouvwa defakto PHTK a

231

02/13/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Arestasyon Fednel Monchery: ankò yon kout teyàt pouvwa defakto PHTK pou fè divèsyon sou sa ki pwensipal: fen manda, kidnapping deta, ak enstalasyon yon diktatè an Ayiti.

Fednel Monchery jwen arestasyon li jodi samdi 13 fevriye 2021 nan moman li tap soti nan yon Super Market sou wout Lalue a. Enfòmasyon sou rezo sosyàl yo rapòte nèg ak inifòm polis jwen plizyè plak machin ak mouchwa lwa lèsen anndan machin prezume masakrè a ki se yon Land Cruiser ki imatrikile: OF-00051.

Pou kèk analis politik, se ankò yon lòt senaryo pouvwa diktatè ap eseye dramatize. Tout sa antre nan kàd divèsyon politik an matyè pwopagan ou dezenfòmasyon; yon atitud ki pou arive konvenk moun ke PHTK ap fè transparans e ke li arive arete pwòp pitit li ki te konn fè masak nan Lasalin pou li. Nap raple, Monchery se patnè yon pakèt lòt prezume bandi kriminèl pouvwa PHTK a, pami yo ou jwen majistra rekondwi Pòdpè a, Josué Alusma.

Pou anpil lòt, sa pa si enpòtan ke fen manda ak enstalasyon yon diktatè ki deklare lagè ak zak kidnapping kont pwòp sitwayen li. “Les chiens aboient et la caravane passe”. Se yon plan batay polis nasyonal sanginè a ak pouvwa defakto a kap marinen. Pa okipe yo”, daprè Jeff, yon ansyen tonton makout ki te repanti aprè dechoukaj 1986 yo.

Comments are closed.