MDPD: Yon manman ayisyèn touye 2 petit li nan Miami

3,283

04/14/2022

Miami, Florid____(TRiboLAND) mèkredi 13 avril 2022 a, Depatman Polis Miami-Dade (MDPD) resevwà yon kout fil “pote sekou” pou adrès NE 75 Street, kote yon fanm te an detrès, daprè ofisye polis Michael Vega ki dekri nan moman li te sou plas ak lòt ofisye, yon fanm ki pote non Odette Lysse Joassaint ki te fache konplètman, alòske bon sans li te sou li e li te sanble kè kal.

Ajan lòd MDPD yo dekri Odette ki genyen 41 lane, kòm yon moun ki te irasyonèl nan pawòl li, e li te di yo: “Vinn pran yo, mwen pa bezwen yo”. Se konsa, pandan ofisye yo te antre nan yon chanm nan apatman an ki nan Little Haiti, Miami, yo te dekouvri kò sanvi 2 joli jèn timoun, yon gason 3 lane ak yon tifi 5 lane etale sou yon kabann 2 pye devan, pye, men ak kou mare anba kòd.

Selon enfo yo, Frantzy Belval ki idantifye tèt li kòm papa viktim yo, pran wout rezo sosyàl yo ap montre atravè media, foto ti lèzanj yo sou non Jeffrey ak Laura. Frantzy ki pa sispann montre dezolasyon li, deklare sa apèn genyen 2 ou 3 jou depi li wè timoun yo e li tap fè jwèt batay avèk yo.

Frantzy separe ak Odette e li pap viv ak ti moun yo. Li reyèlman trouble e deklare ke li pa konnen pou kisa Odette arive touye timoun yo. Presume koupab la trouve l koulya anba men lajistis amerikèn, li genyen plizyè gro chèf akizasyon ki pandye sou tèt li pou yon parèy krim marasa.

Comments are closed.