Ayiti: PM Jouthe di li choute yon minis finans ak kout pye

0 427

Pòtopwens____(TRiboLAND) PM Jouthe Joseph nan yon konsèy ministeryèl konfime ke li te deja rezoud pwoblèm refòm leta a e bay leta yon vrè bidjè.

PM nan konfime rezon ki fè bidjè a ap trènen konsa, se paske li te pran minis finans lan ak kout pye nan yon konsèy ministeryèl pou bidjè a kote ke li kalifye bidjè minis lan “pa bon”. Li kalifye minis lan kòm ekspè nan fè tenten. Li konsidere bidjè a kòm yon “tenten” e ki pa reflete vizyon politik pwezidan an.

 Joseph te pase pran tou sèktè opozisyon an ke li pa konprann ki rezon ki ta dwe motive moun sa yo kòm candida ki pou vinn dirije “ki sa”? Minis lan ki pa amenaje bouch kòm sèvitè Leta Ayisyen, deklare “vinn dirije ki sa”? Peyi ki pa menm egziste ni “sou papye ni nan reyèl la”.

Li ajoute opozan sa yo ap trennen dèyè yo yon pakèt salopwi kap chita anmède zòrèy moun tout la jounen e yo danse kole ak gang anndan peyi a. Anfen se yon nouvèl ayiti ki pa sispann etone moun ak bagay ke moun pa ta dwe tande menm nan dòmi.

Ki kote li soti, nou pa konnen? Ki kote li fòme, nou pa konnen? Sepandan, se moun “Plonje Haiti Tou Kanpe” (PHTK), moun pa ta kapab espere lòt bagay!

Leave A Reply