NÒT OFISYÈL Erané SAINT-LOUIS, DETWI YON JÈN SE DETWI “EMÈJANS LAJENÈS”

997

Nou wete chapo nou byen ba , poun salye laprès pale ekri, anliy ak televize epi n ap salye popilasyon an, sila yo ki bò isit ak tout sa ki lòt bò dlo nan dyaspora a !

Nòt sa a ekri nan lide pou pote YON DEMANTI FÒMÈL ak anpil fo temwanyaj pou yon rezon ou yon lòt k ap sikile kont Erané SAINT-LOUIS sitwayen angaje. Verite a se ki sal ye?

Gen yon RAPÒ ki fèt nan biwo ke n ap dirije a .

Aprè RAPÒ a , ki sa yo repwoche nou e ki mezi yo pran kont nou?

Aprè rapò a gen yon lèt de miz andisponibilite san sòl pou yon mwa , sa vle di y ap pran kòb yon mwa lè n a va touche a, e yo date delè a nwa sou blan , kontrèman ak sa moun k ap chèche detwi moun ap di : Miz andisponibilite Jiska nouvèl lòd , nan sans ke se yon lèt revokasyon.

Alòs, ki eksplikasyon nou founi ?

1) Pafwa lè n al fè depo yo se bank lan menm ki konn gen pwoblèm Sistèm ou byen pwoblèm Sinyal ki fè pafwa gen kèk depo ki pa fèt atan .

2) Se yon sèl grenn bank sa a ki pou 10 komin li sot fè preske 2 ak 3 jou andifikilte li prèske pa fonksyonèl.

Konnya nou mande nenpòt moun ke l ye a, pa fèl pou Erané SAINT-LOUIS fèl pou sosyete a ki kwè nan “Emèjans Lajenès” pou peyi a soti nan twou kel ye a . Svp nenpòt moun ki gen yon lèt oubyen yon rapò ki ekri nwa sou blan :

1) 3 3000 000 mil goud depanse pandan 3 mwa lage l sou rezo sosyal yo epi fèm jwenn li svp.

2) Lage lèt mwen gen nan menm nan ki fè Objè Detounman De Fon an sou rezo yo epi fèm jwenn li svp.

3) Lage lèt revokasyon de manyè enplisit la ki di, “Miz andisponibilite” jiska nouvèl lòd la epi fèm jwenn li svp.

Mwen konnen gen yon Lit Entèjenerasyonèl, yon lit Kont Emèjans Jenn fanm ak jenn gason k ap goumen e sak pi mal la se menm moun ki nan menm klas sosyal k ap kite yo itilize yo pou ti pousyè mounen ! “Haïti incontestablement c’est un pays émietté”.

Mèsi se Erané SAINT-LOUIS sitwayen angaje!

Comments are closed.