KONATEL akòde SPACE X otorizasyon pou opera sou tèritwa peyi Dayiti

1,171

11-26-2022

Konpayi koneksyon entènèt satellitè ameriken Starlink, jwen benediksyon KONATEL pou li kapab legalman fonksyone sou tèritwa ayisyen an an granmoun otorize, daprè yon nòt estrikti ki regilarize sèvis telekominikasyon anndan peyi Dayiti, mete deyò yè jedi 24 novanm 2022 a.

Sètifika omologasyon ki delivre bay Starlink lan gen pou wè avèk otorizasyon pou itilzasyon Estasyon Tèryèn ki kouvri antèn, yon frekans entènèt, rooter Wi-Fi ak lòt pyès apropriye.

Starlink se yon konpayi entènèt satellitè ke Space X ap opera; li delivre sèvis entènèt bay plis pase 40 peyi sou planèt la. Li genyen egalman plan pou bay sèvis telefòn mobil global aprè lane 2023.

Genyen anpil posiblite pou Starlink mete yon fwen nan defi ak mizè koneksyon ou aksesiblite entènèt ke popilasyon ayisyèn nan ap fè fas chak jou ki jou.

Comments are closed.