“20 novanm”, jounen Mondyal timoun yo, me ki sa Sikològ Fransnel Dorsainvil ekri sou sa

941

11-20-2022

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan okazyon jounen Mondyal timoun yo ki fèt chak 20 novanm, me mesaj Sikològ Fransnel Dorsainvil pou ane 2022 a; yon mesaj ki chita sou: “Ann asire byennèt timoun yo”.

Asire byenèt chovi yo, se kòmanse ak timoun ki pi pre nou yo. Nan asire nou ke yo an sekirite, an sante, gen kè kontan, jwenn afeksyon, nan koute yo, proteje yo kont tout danje epi prokire yo bezwen debaz yo.

Nou ka pa sove tout timoun nan mond lan, men nou ka sove timoun ki pi pre nou yo. Chak fwa nou fè sa, se yon gwo pa pou chanjman peyi nou pou demen.

Pa janm bliye, pa gen anyen ki pi sakre pase ede yon timoun ki bezwen èd. Bay èd ak tout kè-w pou kapab arive touche ou bay ti inosan yo yon lòt sans lavi!

Comments are closed.