Yon group moun leve kanpe pou mande Gouvènman san koutcha a kreye kondisyon pou lekòl la ouvè.

1,203

11-07-2022

Jakmèl, Ayiti ____ (TriboLAND) Yon group moun foule beton an Jakmèl, jodi lendi 7 novanm 2022 an, pou mande Gouvènman san koutcha a kreye kondisyon pou lekòl la ouvè. Si gen anpil kote nan peyi a, te gen anpil mannigans pou espas akademik yo te ouvè pòt yo jodi lendi a, moun Jakmèl yo menm, te foule beton an pou mande gouvènman sekirite tout kalite.

Nan manifestasyon sila, moun yo fè soti fwistrasyon yo pa rapò ak iresponsablite PM defakto a, Ariel Henry ki te ranvwaye dat lekòl la ki te 5 septanm pou mete li 3 oktòb paske kondisyon yo pat reyini pou lekòl ouvri; menm gouvènman sa, pandan peryòd sa monte pri kabiran ki se yon pwodwi transvèsal, sa vin gen gwo enpak sou pwodwi premye nesesite yo.

Apa monte pri gaz la, li pa menm disponible nan ponp yo. Lavi chè, ensekirite, se sa yo kap fè aktyalite.
Moun yo mande pou gouvènman an bese lavi chè a, epi mande pou gaz la disponib nan ponp yo, ak menm pri li te ye pou lekòl la ka ouvri.


Comments are closed.