Pòdpè / Spò : FC Lion sakre chanpyon nan premyè edisyon chanpyona Entèzòn Nòdwès la

1,812

08-06-2022

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Chanpyona Entèzòn Nòdwès la, ki te reyini 12 ekip nan plizyè zòn nan depatman Nòdwès la, fini vandredi 5 dawou a, aprè yon dezyèm final ant FC Lion de Paskatabwa ak FC Classique de Basen Ble.

23 jiyè ki sot pase a, premye final la pat fini akoz match la te fini yon gòl nan chak kan e pwoblèm tan fè penalite pat gen tan tire, yon rezon ki te koz final la te renvwaye pou vandredi 5 dawou 2022 a. Se konsa, aprè antant ant 2 ekip yo, ak komite edisyon an.

Ekip FC Lion an genyen yon gòl a zewo, atravè yon match fini ak yon bon Bootros pou ekip FC Lion an, kise inik bitè nan match la e ki fini konpetisyon an kòm meyè bitè ak meyè jwè. Ekip chanpyon an, ki se FC Lion jwenn yon anvlòp 1 500 dola, alòske ekip FC Classique la jwenn 500 dola jan sa te prevwa.

Premyè edisyon chanpyona Entèzòn Nòdwès la ke Lig Foutbòl Pòdpè a, ak Fondasyon Osnel Clairilus fini an bote, malgre tout iregilarite. Prezidan Lig Foutbòl Pòdpè a bay tout fanatik Foutbòl randevou nan mitan mwa dawou a pou sipè uit (8) la kap gen pou kòmanse.

Comments are closed.