Senlwidinò netwayaj : yon gwoup jèn antre nan yon demach chase fatra nan mache Rivyèba a

172
0
Share:
TRiboLAND

09-04-2022

Senlwidinò Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup jèn debleye mache Rivyèdèba ki te yon gro menas sanitè nan objektif pou mande responsab leta yo pran responsabilite yo.

Mache Rivyèdèba a, se pi gwo mache piblik ki gen nan komin Senlwidinò. Politik kazèk 3èm sekston ki mare sosis li avèk Lameri fè mache sa pa janm reprezante anyen pou komin nan.

Daprè lwa sou kolektivite a, se lameri ki gen kapasite pou kontwole mache piblik yo, men lejète administratif fè mache sa ap fonksyone san kontwòl otorite yo. Se youn nan patrimwàn ki tap kapab ogmante asyèt fiskal lameri, men elas divèjans antre pouvwa yo fè strikti sa ap opera an JPP (jan’l pase’l pase). Espas mache a se yon kote machann yo ap pase tout jounen yo nan salibrite ak tout kalite òdi.

Daprè gwoup jèn ki pran inisyativ pou fè pròpte nan mache Rivyèba a, pa mete espwa pou jwenn oken ankadreman bò kote otorite yo ki ta dwe pi konsène nan mete sou pye travay netwàyaj ou asenisman. Jèn yo estime ke se pa posib pou se nan anviwonnman sa pou machann yo ap vann, lote, manje, bwè dl oak fè tout lòt aktivite bagay.

Nan sans sa gwoup la pran desizyon pou yo mete pwòpte nan tout mache a pandan yap tann entèvansyon otorite konsène yo pou rejwenn yo nan travay la.

“Fòk gen yon mezi sanitè ki pran an konsiderasyon espas mache ak pwoteksyon vi moun kap frekante mache sa ki resevwa tout kouch moun menm nan lòt depatman yo.

Nap raple, pandan 2 jou travay netwayaj jèn yo nan mache a, yo resevwa sipò machann yo ki te eksprime satisfaksyon yo fas ak yon parèy konbit netwayaj.

Pierrilien Nicol Colly



Share:

Leave a reply