Kap Ayisyen / Ensandi : Yon libwèri boule rapyetè nan vil Okap

08-27-2022
Kap Ayisyen, Ayiti ____ TRiboLAND) Libwèri “Gede” ki twouve-l nan Ri 9H nan Okap Ayisyen, pran dife nan lannwit jedi 26 dawout 2022, vè 9è nan aswè.
Yon moun mouri ak anpil bataklan boule, sitou divès lòt akizisyon ki te deja fèt pou rantre lekòl la. Oken eksplikasyon poko disponib nan sa ki genyen pou wè avèk orijin dife sila.
Nan dènye moman sa yo, Okap konnen divès ensandi, ki koz anpil pèt materyèl ak moun.






