Yon ansyen minis PHTK jwen arestasyon li anba lobedyans Interpol nan Panama pou zak vyòl ak sisinay sou tilèzanj

1,568

07-03-2022

Ansyen minis Espò ayisyen an, Evans Lescouflair jwen arestasyon li nan peyi Panama anba lobedyans ratyè Interpol yè samdi 2 jiyè 2022 a.

Evans ki te genyen yon manda pote vini” ke pakè Pòtoprens ta lage nan kòsay li pou zak vyòl ak  sisinay sou tinosan (pedofili), te nan maron depi kèk tan.

Genyen anpil posiblite pou ansyen minis PHTK a transfere  nan peyi Dayiti pou swit legal yo.

Nap raple, retrete kolonèl Himmler Rebu se youn nan moun ki te akize ansyen minis espò ak Lajenès (2014-2015) la kòm moun ki te tranpe nan jwèt drivayèz ak tilèzanj jwèz ayisyèn yo nan Sant nasyonal Teknik Federasyon Futbòl Ayisyen an ki nan Kwà Dèboukè.

Prezime koupab la tap travay an kolaborasyon ak Yves Jean-Bart, ansyen prezidan Federasyon Futbòl ayisyèn an ke FIFA radye a jamè an 2020 pou zak sangwen, drivayèz ak sisinay sou ti lèzanj. https://www.haitilibre.com/en/news-32340-haiti-flash-yves-jean-bart-banned-for-life-from-football-by-fifa.html 

Comments are closed.