Me ki sa TRiboLAND konnen osijè rankont Anbasadè ayisyen an nan Ajantin ak minis defans ajanten an

1,652

07-01-2022

  • Diskisyon mèkredi 29 jwen 2022 yo te akse sou yon seri sijè kowoperasyon ant Anbasadè ayisyen an ki nan peyi Ajantin, Doktè Vilbert Bélizaire ak minis defans ajanten an, mesye Jorge Tarana.
  • Poupale yo ki te fèt an prezans minis konseye Jean Claude Sénatus ak Madam Olga Medor Ducasse ak Mesye Gabriel Mondi konseye teknik Anbasadè Bélizaire, te parèt trè pozitiv; sitou avèk prezans Lamiral Marcelo Tarapow ki te fè pati yon parèy delegasyon yon mannyè pou te bay koperasyon an jarèt.
  • Pwen ki te abode yo te plis chita sou bous pou kadè ak sou-ofisye yo; fòmasyon yon seri teknisyen nan yon program kout kap dezinye pou doktè, enjenyè e latriye kap genyen pou entegre nan kò teknik la.
  • Chita tande yo te tèlman gen nannan ke tou 2 pati yo te asèpte antann yo pou sinyati yon memorandum antant nan prochen rankont yo.
  • Prochen rankont la ap mete an evidans prezans tou 2 minis defans yo pou finalize ak prosede sinyati yon akò.
  • Li enpòtan pou nou raple ke Fòs Naval peyi Ajantin deja asèpte pou resevwa 2 lòt nouvo bousye ayisyen pou prochèn ane akademik lan.

Rankont la te pran fen aprè yon echanj kado ki te kore ak plizyè pòz foto pou souvni istorik tou 2 peyi yo.

Comments are closed.