Jan-Rabèl/Inogirasyon: Katèl egzekitif enterimè a inogire “Bèl Antre” komin nan.

2,196

Reyalizasyon “Bèl Antre” komin Jan-Rabèl la,yon pwojè ki jwenn sous finansman li, jiska 99% bò kote pitit komin nan.

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Pwojè pou te drese Bèl Antre komin Jan-Rabèl la, kòmanse depi yon bon bout tan sou gouvènman defen prezidan Jovenel Moïse la; pandan yon divès lane san anyen pa reyalize. Se konsa, piti komin nan ta pral finalman montre yon detèminasyon anbisyez pou vanse ak yon parèy pwojè.

Konsa, Katèl egzekitif enterimè a,ki genyen nan tèt li, Nathalie Petit Jean, deside tout bon vre pran baton pèleren li, e mande ak tout pitit Jan-Rabèl, Ayiti kou letranje, san konte lòt zanmi tankou: ansyen senatè Youri Latortue, ansyen PM Claude Joseph; kole zepòl yon mannyè pou reyalize pwojè sila.

Yon reyalizasyon ki blayi gro kè kontan nan mitan popilasyon an e montre yo tou kouman tèt ansanm kapab sèvi kòm yon zouti pou chanje sityasyon difisil epi reyalize gwo eksplwa.

Pwojè “Bèl Antre” Komin Jan-rabèl la, se yon chedèv pou pitit Jan-Rabèl!

Comments are closed.