Nòdwès / Politik : Pati Politik FUSION deklare ke li pa gen oken lyen avèk Majistra Josué Alusma

2,512

06-15-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Kowòdinasyon Depatmantal Nòdwès Pati Politik FUSION enfòme popilasyon an jeneral, Nòdwès an patikilye, atravè yon nòt ki date 14 jwen 2022, ke yo pa gen oken lyen avèk Prezidan Konsèy Minisipal Pòdpè a, Josué Alusma.

Pou rezon sa, josué Alusma pa gen abilite pou aji nan non pati a. Se kowòdonatè Depatmantal la, Jean Sylien Metayer ki siyen nòt sila.

Nap raple tout moun, se sou FUSION ke Majistra Josué Alusma te eli, ki te pèmèt li tap administre komin lan. Pou konnya, se enterima lap asire pliske manda tout majistra yo fini depi anviwon yon lane.

Comments are closed.