Akoz ratman gaz, bank komèsyàl yo deside ouvwi pòt yo pandan 3 jou chak semèn

1,472

10-01-2022

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Tout otan pa genyen gaz anndan peyi a, se tout otan anpil sektè ap mache bankal oubyen ratresi nan orè operasyonèl yo; se ka enstitisyon bankè yo ki deside rakousi nan kantite jou yap delivre sèvis.

Se vre, avèk kriz plizyè tèt la,  kap bwase bil peyi a, demand sèvis kliyantèl yo ase elve; sepandan enstitisyon yo pa kapab fè tèt atèt ak kriz gaz la ki prèske efondre tout sosyete a. Nan yon nòt ke yo glise deyò jodi samdi premye oktòb la, Asosyasyon Profesyonèl Bank yo enfòme piblik la ke bank kòmèsyàl yo pral adopte yon nouvo orè operasyonèl apati lendi 3 oktòb.

Bank yo, atravè tout peyi a, pral louvyri pòt yo sèlman nan jou lendi, mèkredi ak vandredi. Otorite bankè yo eskize yo devan piblik la pou yon parèy enkonvenyan; li swete genyen yon solisyon ki arive jwenn avan lontan, konsa pou tout bagay retounen nan plas yo.

Comments are closed.