Senlwidinò / konstriksyon medyatèk pou epanye biwo leta yo nan ka katastwòf natirèl yo.

2,903

06-08-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Batiman sa konstwi pou loje biwo leta yo ki trè vilberab parapò a pozisyon yo anka yon katastwòf natirèl. Yon batiman ki ponkò fini men ki deja andomaje. Yon pati montre ke l fini, poutan anyen pa mache selon nòm ak vigè pwojè a.

Pa bliye senlwidinò se yon zòn kotyè ki menase ak fay septantriyonal, leta santral te pran desizyon pou mete sou pye yon strikti pou loje biwo leta yo pou evantyèl katastwòf natirèl; konsa, leta antan ke enstitisyon ap toujou genyen yon nivo fonksyonabilite ou kontinyite.

Men elas! Konstriksyon sa rete inacheve akoz chanbadman ki genyen nan politik peyi a. Nap raple dimanch 30 me dènye komin Senlwidinò sekwe byen fò malgre pat gen dega ki anrejistre, men li enpòtan pou nou pwoteje moun ki nan zòn aris yo demèm biwo ki nan zòn yo. Si nou gade byen, konstriksyon pa fini men li deja andomaje e rapò yo konfime travay yo tèmine. Ki kote bagay sa yo pwale pou komin sa tout voum se do!

Popilasyon an mande plis esplikasyon nan men responsab yo. Yo mande yo pran men yo nan aprann fè swivi fas ak yon fèydewout san konte pwoteje enstitisyon piblik yo.

Komin Senlwidinò sible pami zòn sismik ki riske yo. Li enpòtan pou dirijan yo sispann parèt lèd anba je popilasyon an. “Yon travay kòmanse e li pa menm fini, li gentan kraze ou kanni sou pye. Sa fè chyen wont!


Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.