Kap Ayisyen / Ensandi: gwo dife pran jodi mèkredi a nan yon kay gingerbread

2,646

05-25-2022

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Yon gwo dife pran nan kay ansyen Majistra Kap Ayisyen an, Michel Saint Croix, ki trouve li nan Ri 14 D-E, jodi mèkredi 25 me 2022 a, vè 1è nan aprè midi.

Malgre prezans sèvis ponpye, sa pa anpeche dife a pran zèl e kreye gro van panik ak tranble janm. Malgre bon jan volonte, fèb mwayen sapè ponpye yo pat vrèman kapab reponn ak egzijans yon parèy dife ki tap trese lèl.

Pa gen moun ki mouri, men dega materyèl yo ki poko ofisyèl, se men nan machwè. Youn nan bagay ki endinye moun Okap, se paske yo deplore yon seri koleksyon kay ki te rete kòm patrimwan, kap detwi san pa gen oken antite entèvansyonis ki pou prezève espès kay gingerbread sa yo ki trè rechèche.

Jiska prezan, orijin dife a rete enkonni.

Comments are closed.