3 moun jwen arestasyon yo anba akizasyon zàm ak munisyon ilegal

255

09\20\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Ajan polis nasyonal yo nan Pòdpè ak rapouswiv avèk “Operasyon Tèminatò” nan Nòdwès patikilyèman nan vil Pòdpè. Aktivite fouyapòt ak boske zàm ilegal yo ap vale teren avèk vijilans BLTS – UDMO yè samdi a nan site Kapwa Lamò a.

Ajan PNH yo arive mete men sou 3 endividi: Taleus Matilien 39 lane, Maréus Blondine 29 lane, ak Raymond Rodmil kòm moun ki posede zàm ilegal, trafik dròg ak asosyasyon malfektè. Konsa, ajan yo arive sezi: yon pistolè 380, ak yon krèy kalbi, 5 chajè e yon pakèt munisyon, dapwè yon wo responsab direksyon depatmantal polis la nan Nòdwès.

Comments are closed.