Yon koalisyon gwoup relijez tout kalite kap asiste migran ayisyen yo denonse move tretman ke yo subi

2,189

09/27/2021

El Paso, Texas______(TRiboLAND) Yon ekip kwayan relijyez tout plimay ki genyen lontan ke yo ap milite pou yon pi bon lwà imigrasyon, ap trese lèl nan bay supò yo nan kriz migran ayisyen yo. Koalisyon an ap miltipliye efò ak asistans a sa yo kap pran lanm anba move tretman ajan fontalyè Texas yo ke yo anboche pou sa menm.

Menm avan plizyè milye migran ayisyen te evakye semèn pase nan yon kan nan vil fontalyè Del Rio, Texas, yon koalisyon ki reyini yon latriye legliz ak lòt gwoup te asiste refijye sa yo ak sandwiches, dlo ak lòt bezwen ejyenik nesesè. Depi lè a anpil nan migran yo ap resevwà asistans bò kote koalisyon an ki lokalize nan Texas ak El Paso pandan ke yap eseye rejwen fanmiy ou parènn nan peyi Etazini.

Moun ki pa danse kole ak migran yo kritike sevèman efò aktivis relijye sa yo; yo akize yo dèske se yo menm kap ankouraje plis migran antre sou tèritwà ameriken an. Sepandan, sa yo kap fè bwàs pou ede migran yo, wè yon parèy efò kòm yon opòtunite ou yon responsablite relijyez pou bay bourat a sa yo ki nan bezwen.

“ Nou pa nan politik”, dapwè Carlos Villareal, yon lidè Legliz Jezi Kris Dènye Sen, kap moblize volontè pou asiste yon santèn migran ki debake nan Del Rio.

Comments are closed.