Ministè Anviwonman elimine baj ajan move zèfèyis BSAP yo

1,589

02/23/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon kominike li fè sòti madi 22 fevriye 2022 a, minis Anviwonman James Cadet mete 2 men nan tèt lè lap gade konpòtman endezirab yon seri ajan Bwigad Siveyans è Pwoteje (BSAP) ap afiche atravè medya yo.

Minis Cadet estime kalite konpòtman ajan sa yo kapab kreye latwoublay sou vrè objektif kò Siveyans Anviwonmantal la (CSE) selon espwi dekrè 26 janvye 2006 la ki chita sou jerans anviwonman dapwè atik 62 e latriye.

Nan sans sa tou, minis James Cadet pwofite anonse eliminasyon baj ajan sa yo, yon fason pou kapab vante move lawon yo.

Comments are closed.