Responsab EDH yo nan depatman Nòdwès la lanse yon SOS bay otorite repiblik Pòtopwens yo

2,590

John Jean Jacques

02/17/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi aprè lanmò ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, prèske tout aktivite kite lanse pou leve eskanp figi depatman Nòdwès la kanpe San ke pèsonn pa konnen ni kilè, ni ki jou yap gen pou reprann.

Nan kesyon kouran, sa genyen 7 mwa ak kèk jou depi fènwa ap taye banda nan vil Pòdpè. Sitiyasyon sila a lakoz tout moun oblije rantre lakay yo depi li fè 6è nan aswè. Popilasyon kap viv nan site Kapwa Lamò a fin dezabitye ak koze limyè a. Direksyon Depatmantal EDH Nòdwès la bay rezon fènwa a e mande gwo palto nan repiblik Pòtoprens pou lonje men ba yo.

Nan yon entèvyou ke yo te bay Radyo Marconi nan vil Pòdpè, responsab depatmantal EDH Nòdwès yo, fè konnen ke yo manifeste volonte pou pa kite site a nan fènwa, men yo pa gen ase materyèl anba men yo akoz, yo gen plizyè motè ki anpàn, e sa ki disponib yo pa gen ase kapasite pou alimante chèf lye an.

Responsab ou distribitè kouran yo rabat pou di ke bwat ke yap dirije a pa menm gen yon zepeng ki rele l chèmèt chèmèt très pou fonksyone. Si ta gen yon zòn fil kouran ta koupe ladanl, enstitisyon an ap nan gwo difikilte pou trouve yon ti bout alonj pou rezoud yon parèy ti pwoblèm.

Pou fini, dirijan yo mande otorite nan kapital la pou lonje men ba yo, yon fason pou yo kapab redwi volim fènwa ki genyen nan site Kapwa Lamò a, sitou nan yon moman kote ensekirite a ap vale teren.

Comments are closed.