Lapolis ap flite zòn Jiraldo: yon moun arive pase alinfinitif ak 22 lòt arete pami yo, yon gwo chèf gang

02/11/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Lapolis PNH ta sanble li detèmine pou jwen bout gang ki krangennen sosyete ayisyèn nan. Yon lòt fwà ankò, nan kad mache flite bandi sangwen kap mete dlo nan je popilasyon chak jou, fòs PNH yo arive mete mèn nan pat kasav yon bandi notwà ki pote non “Gwo Gerard” nan Jirado, komin Petyonvil jodi vandredi 11 fevriye 2022 a.
Anpil kout zàm chante; echanj ak bandi yo okazyone, Guerby ki se yon bandi sangwen blese e kouri pran lyann; alòske Roody, ki se yon lòt chèf gang arive jwen sèvis nan men popilasyon ki di: “se twòp atò!
Paralèlman nan echanj kout zàm ak fòs PNH yo, yon polisye arive blese. Otorite yo arive pwosede ak arestasyon 22 reselè ki nan konivans ak gwoup gang sangwen yo, dapwè Enspektè polis Garry Dérosier ki tap depoze nan lapwès.
Antouka, anpil moun santi lejèman “operasyon flite bandi yo” kòmanse montre yon ti miyèt detèminasyon lakay fòs lòd yo kap fè yon travay titanik nan jou sa yo.