Nòdwès: AAA prononse’l nan kad batay kont Kovid-19 la ak misyon gansterizasyon pouvwa anplas la

284

Pòdpè___(TRiboLAND) Jounen jedi 23 jiyè 2020 an, kowòdonatè “Ayiti An Aksyon” (AAA) an, Me Ductan Cadet prezante 4 aspè nan kad estratiji pou goumen kont pwopagasyon kowonaviris la e denonse konpòtman pouvwa anplas la lèl gen pou misyon legalize group gang ame nan peyi a.

Me Ductan Cadet, kowòdonatè AAA



Pou Me Ductan, 4 aspè sa yo ki se : prevantif, sanitè, sosyal ak ekonomik. Li soulinye jefò pati politik AAA lèl arive distribye kit sanitè ak divès zouti pou peyizan yo. Kòdonatè AAA aplodi chèf a, Youri Latortue, nan tèt kole avèk lopital Notre Dame La Paix nan komen Jean-Rabel, rive bay kit sanitè ki evalye a yon wotè 1 milyon goud.

Yon lòt bò, Ductan Cadet kritike konpòtman pouvwa anplas la ki gen misyon pou legalize gwoup gang nan peyi a pandan ke y’ap danse kole avèk G9 e alye.

Li kontinye di ke pati politik AAA pare pou yo patisipe nan eleksyon nan tout ‘nivo yo men se pa ak kriminèl ou vòlò Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) sa yo. Pou fini, lidè a fè eta de yon tranzisyon politik, yon mannyè pou òganize eleksyon fyàb, kredib, onèt e demokratik.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.