Ariel Henry ap genyen pou pwan lapawòl nan 76èm sesyon òdinè asanble jeneral Nasyon Tèt Kole yo

225
0
Share:
TRiboLAND

09/24/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt pwimati mete deyò jodi vandredi 24 septanm 2021 an, Pwemye minis Ariel Henry ap genyen pou pwan lapawòl nan 76èm sesyon òdinè asanble jeneral Nasyon Tèt Kole yo. Se yon entèvansyon kap fèt demen samdi 25 septanm 2021 an apati 10:30 nan maten.

Nòt pwimati a rapouswiv pou li di ke entèvansyon Dr. Ariel Henry a ap retransmit sou Televizyon Nasyonal Dayiti ak Radyo Nasyonal Dayiti san konte sou plizyè media nan vil pwovens yo ak sou rezo sosyàl yo.

Share:

Leave a reply