Gwo tansyon kontinye ap vale teren nan vil Gonaiv

12/30/2021
Gonaiv______(TRiboLAND) Gwo tansyon pwotestasyon kontinye ap bay lawouli yon lòt fwà ankò nan site endepandans lan jodi matenjedi 30 desanm 2021 an.
Vyolans matinal yo okazyone yon machin lapolis pran dife san konte plizyè katye nan site a kote barikad anflame tap penpennen, menm jan sa te ye yè mèkredi a nan kd pwotestasyon kap miltipliye pou anpeche PM Ariel Henry vin komemore 218 rekòt endepandans ou dwà granmoun peyi Dayiti.
Deja zak vyolans deja fè viktim; yon malere bòs chapantye kap chèche lavi te pran yon bal nan tèt yè madi a nan moman li tap travay nan yon stand ofisyèl nan kad pweparasyon pou resevwa gouvènman Ariel la pou komemorasyon pwemye janvye 2022 a.