Radyo Marconi ak plizyè lòt konplis nan vil Pòdpè, bay plis pase 100 timoun kado.

1,012

Par John Jean Jacques

12/26/2021


Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen dimanch 26 desanm 2021 an, Radio Marconi FM nan tèt kole ak TRiboLAND, École primaire Mixte Toussaint Louverture, Dépôt Notre-Dame, Père Nicolas Clerveau ak Magazin Corneille bay plis pase 100 timoun jwèt.

Jan sa te anonse depi kèk jou nan plizyè emisyon sou Radyo Marconi FM, Direktè radyo an, Mesye Corneille Ychmuth ke anpil moun gen abitid rele “Rambo” te bay, plis pase 100 timoun ki nan laj sòti 2 rive 7 lane jwèt.



Seremoni sila a te dewoule sòti 11h 30 AM pou rive 14h nan lokal radyo a ki nan ri Benito Sylvain. Tifi tankou ti gason men nan men ak paran yo te sòti toupatou nan lide pou te vin resevwa kado Papa Nwèl yo pou fen ane a.

Malgre soufrans, lavi chè ak ensekirite kap taye bandal, sa pat anpeche paran yo bat bravo ak lakontantman pou yon parèy inisyativ kap pran jarèt chak ane. Konsa, pou anpil para, li tap toujou bon pou kèk lòt medya swiv menm tras sa, nan sousi pou mete lajwa Papa Nwèl nan kè timoun ki toujou kwè nan Tonton Nwèl!

Direksyon radyo a kase yon lòt randevou pou samdi kap 1er janvye 2022, pou kontinye mete jwa ak gete Papa Nwèl nan kè tout ti inosan yo nan site Kapwà Lamò a.

Comments are closed.