Etazini ap tanmen yon gwo reyinyon vityèl sou dosye Ayiti a

2,898

12/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Peyi Etazini ap fè bwàs pou konvoke yon reyinyon vityèl wo nivo sou pye nan tèt kole ak plizyè gwo potanta patnè entènasyonal pou diskite defi majè nan ensekirite, ekonomi ak politik kap bwàse bil peyi Dayiti; konsa ap genyen pou pwopoze pèp ayisyen an yon seri sipò krese sere jodi vandredi 17 desanm 2021 an.

Reyinyon vityèl sa pwàl fèt anba lobedyans Sekretè Deta adjwen pou Afè Amerik yo, M. Brian Nichols, dapwè yon nòt anbasàd amerikèn ki nan peyi Dayiti mete deyò.

Anpil gwo kana entènasyonal ki angaje nan remanbwe ak bay Ayiti jarèt ap asiste yon parèy gwo womble. Objektif santràl yon parèy reyinyon vityèl, se arive pa kite emoraji degrengolad kap disparèt Ayiti a nan nivo sekirite ak ekonomi anpire plis ke sa. Lap vize egalman pou soutni tout fòm efò ak solusyon stratejik lakay ayisyen yo nan kad deplwòtonay kriz la.

Comments are closed.