Ou vo plis ke sa ou panse ou vo

0 342

Trè souvan nou genyen yon vye imaj de pwòp tèt pa nou ke nou vinn gen difikilte pou idantifye yon pakèt bon bagay ke lòt moun wè nan nou. Lè yon moun fè nou yon konpliman, nou kouri pou nou mande tèt nou ki sa ki pa ale byen. Lè yon moun ap supòte nou e ban nou ankourajman, nou fè yo sonje echèk nou. Nou si tèlman desann tèt nou ba nan yon pwen lòt moun kòmanse ap kesyone konfidans ou kwayans ke yo plase nan nou. Yon tèl vis pap fè lòt bagay sinon ke desann fyète ak asurans ki petèt deja twò ba lakay ou. Jodi-a se yon okazyon pou repanse de pwòp tèt ou. Nou kapab asèpte konpliman ke lòt moun ban nou si nou pa ofri tèt nou li avan. Nou kapab konstwi konfidans lakay nou lòske nou selebwe yon seri ti siksè nou reyalize. Konsa, nap kapab arive sipòte kredi ak konfyans lòt moun fè nou lòske nou sipòte e fè pwòp tèt pa nou konfyans. Tout bagay la kòmanse avèk volonte nou e rekonèt ke nou anfòm, jan ke nou ye-a.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply