Grèv rèd mare pou 3 jou: sou tout tèritwà nasyonal Dayiti

1,336

09-24-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Toujou nan kad pou fòse gouvènman bandi legal Ariel Henry a fè retrè sou krim moute gaz la, yon latriye sendika transpò lanse 3 gro jounen grèv nasyonal.

Se konsa, daprè prezidan Fwon Uni Transpòtè ak Travayè Ayiti yo, mouvman sòlòkòtò a ap demare demen lendi 26 septanm lan pou rive mèkredi 28 septanm 2022 a. Montès Joseph, ki se youn nan inisyatè grèv sila,deklare ke Ariel Henry refuse tande revandikasyon popilasyon an ki an agoni. Li avèti popilasyon an de yon posiblite pou yon mobilizasyon san kanpe apati 3 oktòb, yon dat ki prevwa pou ouvèti lekòl la nan peyi Dayiti.

Pou kore 3 joune grèv la, òganizatè yo deja anvizaje 2 jounen manifestasyon nan dat 29 ak 30 septanm. Tandiske popilasyon an ap genyen samedi premye oktòb e dimanch 2 oktòb pou ravitaye, daprè Montès ki tap depoze.

Comments are closed.