Pòdpè : Manifestasyon kont Ajan Egzekitif Enterimè, Josué Alusma

08/09/2021
Pòdpè______( TRiboLAND) Ak branchbwa, pannkat nan men, yon gwoup ti machann ki konn abitye bouske lavi nan mache Bodmè Pòdepè a, manifeste nan divès ri nan Pòdepè, maten lendi 9 out 2021 an pou pwoteste kont desizyon Ajan Egzekitif Enterimè komin podpè a, msye Josué Alusma, pran lè l chwazi pouse do yo e mete deyò nan Mache Bodmè a alòske, se la, selon ti machannn sa yo pou yo bouske lavi pou timoun yo.
Timachann sa yo ki fè konnen yo p ap al chita sou chan avyasyon an kote avyon konn abitye ateri pou yo pa viktim , sèmante 70 fwa 7 fwa pou di ” yo p ap fè yon pa kita, yon pa nago.
Ti machann sa yo ki te vrèman ankòlè e ki t ap lanse pawòl piman bouk kont Josué Alusma deklare ” desizyon majistra a pran pou deplase yo nan moman sa yo mal vini pwiske se moman y ap prepare rantre lekol tinosan yo, san konte lajan eskont nan biwo k ap monte sou tèt yo”, daprè ti machann sa yo ki t ap temwanye nan mikwo TRiboLAND.






