Paul Denis devwale yon rankont ant li menm, Gérald Bataille, Gérard Forges ak Christian E. Sanon nan peyi Etazini.

820

Pòtopwens____(TRiboLAND) Apwè ke komisè gouvènman Pòtopwens lan mete yon manda “pote vini” dèyè li, ansyen senatè Paul Denis konfime ke limenm avèk Pastè Gérald Bataille, Pastè Gérard Forges ak Christian E. Sanon te rankontre nan peyi Etazini.

Paul Denis deklare ke: “Emmanuel Sanon te mande’m pou mwen antre nan ekip li e mwen te refuse,” dapwè ansyen senate Denis. “Pastè Emmanuel Sanon tap fè gwo kòlèt ke li genyen anpil gwo relasyon nan peyi Etazini; lè Jovenel Moise rive nan bout li e map genyen pou mwen akapare pouvwa avan lontan”, dapwè sa ansyen senatè a deklare bay yon radyo nan kapital la. Sepandan, Paul Denis lave men li tankou Pilat e rejte tout patisipasyon li nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la.

Antouka nap raple, li menm ak pastè Forge ak Bataille genyen gwo akizasyon asasinay ak tantativ asasinay ak vòl men ame pandye sou tèt yo.

Comments are closed.