10 moun mouri e 44 blese nan Kowasi apwè dòmi pati ak yon chofè bus

130
0
Share:
TRiboLAND

07/25/2021

Slavonski Brod, Kowasi_______(TRiboLAND) 10 moun mouri nan yon aksidan bus sou yon otowout nan peyi Kowasi; 44 lòt blese, pami yo genyen 8 ki gravman grav.

Otobus la ki tap pran wout abityèl li apati Almay jiska Pristina nan Kosovo, rapòte ke li te patine toupwè fontyè Sèbi a nan moman li tap pran direksyon zòn sid.

Aksidan an fèt vè 6 : 00 am nan lè lokal, toupwè vil Slavonski Brod. Selon pwosekitè rejyonal la, chofè otobus la admèt ke se vrèman dòmi ki pati avè l; konsa yo te pwosede ak arestasyon l.

Sèvis sekouris pat pran tan pou rive sou lye aksidan an; trafik la te reyèlman iritan nan moman otorite yo tap fè manèv ak yon kràn pou deplase otobus la ki te anbandoulyè sou wout la.

Nan yon tweet ki li mete deyò, Pwemye minis Kowasi a, Andrej Plenkovic voye yon mesaj kondoleyans bay viktim yo e swete sa yo ki blese  kapab rekupere yo avan lontan, dapwè sa li di.

Share:

Leave a reply