Pakè Pòtpwens : Mèt Berd-Ford mande fèmen lizyè kont 4 Gran Toryan PNH ki ta enplike nan asasinay Jovenel Moise la

526

Pòtopwens______(TRiboLAND) Chèf pakè Pòtopwens la, Mèt Berd-ford Claude mete ayè jedi 15 jwiyè 2021 an yon lòt entèdiksyon depa kont 4 pwezume asasen ki ta touye pwezidan defakto Jovenel Moise 7 jwiyè dènye a, lakay li nan Pèleren 5.

Mèt Berd-Ford mande direksyon Sèvis imigrasyon ak emigrasyon pou fèmen tout lizyè tèrès, ayeryen ak maritime yon fason pou pa kite 4 sispèk ( Léandre P. Osman (USP), Dimitri Hérard, USGPN, Paul Eddy Amazan (CAT TEAM) et Jean Laguel Civil, kòdonatè jeneral sekirite pwezidan an) sa yo ki te responsabilize sekirite pwezidansyèl la vole gagè.

Comments are closed.