Anmwey fatra! Simityè vil Pòdpè a mande pitye pou repo nanm yo!

504

04/09/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Si te genyen vrèman leta, residan mal entansyone pa ta kapab achte san fwa ni lwa perimèt simityè vil Pòdpè a lajan kontan e menm transfòme espas defun yo kòm yon depotwà fatra sangwen tout kalite.

Konsa, eske yon moun kapab menm pale de egzistans yon konsèy munisipal nan yon parèy vil ki genyen swadizan yon majistra ki pa menm egziste, men ki kontante’l ap touche lajan leta efèmen je’l sou yon seri dezòd anachik kap akimile nan yon vil ki deja genyen twòp nan bòl li.

Menm pou lamou Bondye, yon efò konsanti, yon ti kal konsyan onon lasante ou sekirite sanitè, popilasyon pòdpe a dwe reveye li fas ak yon parèy dràm ak dezas ekolojik ki mete andanje lavi e ki pa fè egalman onè pitit Kapwà Lamò yo kit se nan nivo: otorite sivil e polisyè, pwofesè, avoka, machann, komèsan, pyeton, lidè tout kalite, sosyete sivil ak gwoupman politik e asosyasyon.

Gwo kesyon an! Ki sa ki motive yon parèy popilasyon ki pran yon malen plezi antre nan yon pratik lage fatra non sèlman nan antouraj yo, men anndan yon simityè, ki ta dwe yon espas piblik prezève, respekte, seren, pwòp, trankil pou repo nanm yo. Sa ki pi rèd la, li pa manke anyen pou moun komanse bati pwòp kay yo anndan simityè a!

Lè moun ap obsève enòmite konpetans ou kàd nan yon parèy depatman; volum lajan kap bwase ladan li chak jou; angouman ak foli pou moun chèf, wap mande ki sa ki anpeche yon inisyativ ou yon konbit pou rele koukouwouj dèyè fratra ak moun kap fè pwomosyon fatra.

Kidonk, menm jan komisè gouvènman an sèmante pou li matrake kèlke swa zak kidnapping ki fèt nan depatman an, pou ki sa pa genyen egalman yon seri dispozitif legal ki pou anvizaje eradike fenomèn fatra a ou sangwen kap fè politik ak fatra a san panse ak vi lòt moun?

Comments are closed.